Direksyon Jeneral Migrasyon (DGM) an Repiblik Dominikèn fè konnen 38 ayisyen ki ilegal sou wout pou yo depòte Ayiti, aprè yon operasyon ki te fèt yè samdi a nan Gran Santo Domingo. Daprè DGM, ajan li yo te entèveni nan 12 etablisman manje, sitou « pica pollos chinos », kote yo te arete 34 gason ak 4 fanm ayisyen ki t ap travay nan kwizin ak nan vann manje.
Operasyon an te fèt sou avni San Martín, Tiradentes, Nicolás de Ovando, Las Palmas ak Carretera Vieja.













