Chantez ayisyèn nan Anie Alerte pran lapawòl pou mete fen nan rimè k ap sikile sou rezo sosyal yo, ki ta vle fè kwè li nan yon relasyon amoure ak jèn atis Mebel Brun. Daprè deklarasyon li, relasyon ki egziste ant yo se yon relasyon pwofesyonèl ki baze sou kolaborasyon nan domèn mizik. Nan yon piblikasyon sou paj Facebook li, Anie Alerte fè konnen chante ak Mebel Brun oswa pataje sèn avè l pa vle di yo gen yon relasyon entim. Li esplike tou li abitye bay lòt atis opòtinite pou devlope talan yo, menm jan li te jwenn sipò nan kòmansman pwòp karyè pa li.
Anie mande piblik la pou l pa sèvi ak rimè sa yo pou mete presyon sou Mebel Brun oswa andomaje karyè li.























