Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè Nò (SDPJ/Nò) ak Brigad Entèvansyon Kap-Ayisyen (BI/Kap) mennen yon operasyon byen bonè mèkredi 19 dawout 2026 la nan Kèka Lakonm, nan komin Katye Moren. Operasyon an te vize Sedanius Tony, alyas « Pipi », lapolis prezante kòm chèf yon gwoup ame. Malgre sispèk la rive chape anvan arestasyon li, 5 lòt moun, pami yo yon minè 16 lane, te arete pou swadizan lyen ak gwoup la. Lapolis konfiske yon radyo kominikasyon ansanm ak plizyè telefòn mobil.
Daprè Lapolis, gwoup sa a ta opere nan Katye Moren, Milo ak Gran Rivyè dinò, e li ta enplike nan plizyè zak kriminèl.





















