Majistra Okap la, Michel Saint-Croix anonse yon lòt mezi ki soulve gwo deba ankò, se entèdiksyon pou Tibikòs vann nan vil l ap dirije a. Majistra a di menm moun k ap pwodui Tibikòs la si l vin mande otorizasyon pou vann li yo ka arete l paske sa reprezante yon menas pou sante moun. Majistra remete an kesyon pwodui ki fabrike Tibikòs la.
Majistra Saint-Croix di tout sa ki kapab mete vi popilasyon an an danje, l ap voye je sou sa. Li poko anonse ki mezi ki pral mete sou plas pou sa.





















