Eta sante ansyen prezidan Joe Biden mete fanmi li nan gwo enkyetid. Selon pitit gason li Hunter Biden ki t ap pale ak BBC, gen yon kansè pwostat k ap pwogrese lakay prezidan an epi li deja gaye nan zo li. Hunter ajoute ansyen prezidan an ap soufri anpil anba maladi sa a ki gen gwo enpak sou kondisyon fizik li.
Joe Biden gen 83 lane kounye a e se li ki te anonse depi mwa me 2025 doktè te di ki maladi li genyen an.





















