Yon farinay lapli ki pat menm tonbe anpil lakoz gwo ma labou nan vil Wanament jounen jedi 6 dawout 2026 la. Sa lakoz sikilasyon an te paralize sòti depi nan estasyon Okap pou rive Gran Ri. Plizyè sitwayen denonse sitiyasyon sa a e yo kalifye l kòm yon echèk pou Leta santral ak majistra k ap dirije vil la. Se sèlman kèk kamyon ranblè yo te vide sou wout la men pa gen travay serye ki ko fèt pou jere pwoblèm sa a.
Malgre Wanament se yon vil estratejik pou Ayiti, dirijan yo pa sispann trete l mal kòmsi se pa la plizyè milyon dola machandiz pase pou antre lòt kote nan peyi a.













