Popilasyon jakmelyèn nan poze lapat sou Justin Duffault nan zòn Lamontay Jakmèl jounen lendi 3 dawout 2026 la epi yo remèt li bay otorite yo. Justin te nan mawon aprè l te fin retire lavi madanm li ki se Pascal Antoine ak kout kouto lendi 27 jiyè 2026 nan blòk Anba Zoranj. Justin Duffault te lage mesaj pou l te di l t ap touye tèt li men se manti.
Se kazèk zòn nan ki te pran misye nan men popilasyon an epi transfere l bay lajistis pou swit legal.





















