Lapolis arete plizyè jenn gason nan Wanament nan lokalite Anba Gaya ayè vandredi 31 jiyè 2026 la. Arestasyon sa yo fèt nan tèt kole ak komisè gouvènman an, mèt Elisma Florvil epi jij Renaud Pierre. Jenn gason sa yo toujou pran plezi nan fimen bòz nan lokalite sa a. Otorite yo fè konnen yo p ap kite moun ap konsome sibstans ki pa bon pou yo nan komin nan.
Otorite jidisyè yo poko bay detay sou kantite jenn gason yo rive mete anba kòd nan dosye a.













