Delege depatmantal Nò a, Marc Présumé pa mete dlo nan bouch li pou l dezabiye Sunrise Airways an prezans premye minis defakto a nan yon reyinyon. Marc Présumé denonse dezòd ak sèvis move kalite konpayi sa a ap founi nan peyi a e li konnen PM nan okouran. Alix Didier Fils-Aimé di se pa li ki responsab, se Ministè Travay Piblik yo, AAN ak OFNAC ki dwe jere dosye sa a pandan l raple misyon enstitisyon sa yo.
N ap raple se menm Alix Didier Fils-Aimé sa a ki te siyen yon kontra 11 milyon dola vèt ak liy ayeryèn sa a pou reprann sèvis rejyonal yo nan peyi a.





















