Nan kad demach pou lapè k ap fèt nan komin Mibalè a, komite pou lapè a rive dezame gwoup otodefans ki rele Bakòp Feray la. Komisyon pou lapè a di se yon pa enpòtan pou moun ki te kouri yo ka retounen lakay yo. Pandan tan sa a, gwoup teworis ki te kraze komin nan rete ak zam yo nan men yo sèlman komisyon an di li espere zèfèyis yo ap kite zòn nan. Malgre sa, gen gwo enkyetid bò kote popilasyon an paske yo pa santi yo alèz pou yo retounen al viv san okenn garanti sekirite nan komin nan.
N ap raple se gwouo Bakòp Feray la ki te anpeche teworis Jeff Gwo lwa yo antre pi fon nan depatman Sant lan.





















