Konsèy Elektoral Pwovizwa a lanse operasyon enskripsyon elektè yo nan depatman Lwès la atravè 10 sant. Sant sa yo twouve yo Petyonvil, Dèlma ak Taba. Avèk lansman sa a, KEP a mande tout sitwayen ki gen laj ak pyès pou yo pase enskri osinon mete enfòmasyon yo ajou pou pwochen eleksyon yo. Sant enskripsyon sa yo pral resevwa sitwayen yo selon dispozisyon ki etabli pou sa.
Konsèy Elektoral la ankouraje sitwayen yo pou ti verifye estati yo epi ranpli tout fòmalite ki nesesè yo nan dèle ki prevwa a.





















