Gouvènman ayisyen an siyen yon akò ak Fòs regresyon gang (FRG) pou defini kad legal, privilèj ak iminite fòs sa a pandan misyon li ann Ayiti.Daprè otorite yo, akò sa a dwe fasilite deplwaman FRG a pou ede enstitisyon ayisyen yo nan batay kont gwoup ame yo, retabli sekirite, fasilite sikilasyon moun ak machandiz, epi kreye kondisyon favorab pou pwochen eleksyon yo.
Reprezantan FRG a, Jack Christofides, fè konnen fòs la ap respekte souverènte Ayiti ak prensip dwa entènasyonal yo, pandan li presize misyon an pa yon « pas pou enpinite ».













