Pascale Antoine mouri apre li resevwa plizyè kout kouto. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, patnè li Justin Duffault se prensipal sispèk nan dosye a. Apre trajedi a, plizyè mesaj ak nòt vokal ki ta soti nan men li sikile sou rezo sosyal yo, kote yo fè kwè li ta tou touye tèt li. Jiskaprezan, okenn otorite poko konfime enfòmasyon sa a.
Se twazyèm dram konjigal ki lakoz lanmò anrejistre nan Jakmèl nan mwens pase yon mwa, yon sitiyasyon ki ogmante enkyetid popilasyon an sou vyolans nan relasyon koup ann Ayiti.
PNH ak otorite jidisyè yo poko fè okenn deklarasyon ofisyèl, pandan ankèt la ap kontinye.













