Nathanaëlle Michel ak mari li Cantave, yon ajan UDMO, plede koupab nan dosye asasina polisyè Medjine Michel, ki te fèt 29 out 2024 nan Dèlma 75.
Daprè enfòmasyon yo, krim nan ta gen rapò ak yon konfli sou yon tè kote manman akize yo te gen yon kay. Yo ta elimine polisyè a paske yo te sispèk li te gen kontwòl sou byen sa a. Pou rapèl, Medjine Michel te resevwa 16 bal pandan atak la.
Aprè jijman an lendi a, Nathanaëlle Michel ak Cantave kondane pou pase tout rès vi yo nan prizon.





















