Nan sèlman 19 an, Ariana kontinye make tras li nan angajman sosyal. Li deja reyalize plizyè aksyon solidarite, tankou bay 2 chèk pou fòme anviwon 400 jèn, patisipe nan renovasyon Plas Boyer, distribye plat cho ak kit alimantè bay fanmi ki nan bezwen, epi pote sipò pou Venezuela ansanm ak sponsor li yo.
Jèn fi a fè konnen li pap rete la e li vle kontinye sipòte kominote yo atravè lòt inisyativ sosyal.
Ariana prezante yon vizyon kote aksyon sosyal ak solidarite rete nan premye plan.





















