Lendi 27 jiyè 2026 make fen Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou plizyè milye Ayisyen k ap viv Ozetazini. Aprè anviwon 16 lane, administrasyon ameriken an mete fen ak pwogram nan, sa ki mete plis pase 300 000 Ayisyen nan yon sitiyasyon ensèten.
Daprè enfòmasyon yo, ajan ICE yo deja gen otorizasyon pou arete moun ki pa gen lòt estati legal.













