Pou pi piti 6 bandi bwè dlo bouch yo nan komin Kenskòf ayè dimanch 26 jiyè 2026 la nan lokalite Vya. Pandan atak sa a, fòs lòd yo sezi yon zam. Selon temwanyaj kèk moun ki t ap swiv, afwontman yo te vyolan anpil nan tèt mòn nan. Teworis yo te fè kachèt yo nan yon espas lè lapolis ta pral dekouvri yo epi vide bal sou yo.
N ap raple jouk koulye a, Kenskòf toujou anba kontwòl zèfèyis yo, sitou seksyon kominal yo.























