Zèfèyis yo eseye kidnape yon biznismann byen bonè maten samdi 25 jiyè 2026 la nan Dèlma 33, toupre Lopital Inivèsitè Lapè. Viktim nan te nan yon machin blennde, sa ki fè bal yo pa t rive atenn li.
Daprè temwen yo, asayan yo te nan yon Toyota Hilux blan ak defans nwa. Yo te frape machin viktim nan pa dèyè, epi plizyè tras bal rete vizib sou vit machin nan.























