3 prezime kriminèl ki fè pati gang Kraze Baryè a tonbe nan echanj kout bal ak manm Fòs Represyon Gang (FRG) yo nan komin Taba, jounen mèkredi 22 jiyè 2026 la. Afwontman an te fèt toupre yon pòs peyaj ki anba kontwòl gang Vitelòm nan.
Selon yon kominike FRG a, pa gen okenn blese pami popilasyon sivil la pandan operasyon an. Responsab fòs la fè konnen pwoteksyon ak sekirite sitwayen yo rete prensipal priyorite yo pandan tout entèvansyon y ap mennen kont gwoup ame yo.













