Nan distri Columbia, Lakou d Apèl rechte demann gouvènman Trump la pou koupe TPS Ayisyen yo. Jij yo estime administrasyon an pa t prezante ase agiman pou leve enjonksyon jij Ana Reyes la. Desizyon an anpeche administrasyon Trump lan mete fen ak TPS la avan 27 jiyè, lè dosye a ap retounen nan tribinal enferyè yo.
N ap raple dosye a ap tann tou yon etap devan Sena ameriken an, men okenn dat poko fikse.













