Majistra Akayè a, Wilner René, anonse meri a resevwa 2 nouvo machin blende ki pral sèvi kòm sipò pou ranfòse sekirite nan komin nan. Daprè deklarasyon majistra a, ekipman sa yo vini nan yon moman kote kesyon sekirite a rete youn nan pi gwo defi peyi a ap fè fas. Li adrese remèsiman li bay Wo Kòmandman Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) ansanm ak Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pou sipò sa a, li kwè nouvo mwayen sa yo pral ede amelyore kapasite entèvansyon ak pwoteksyon popilasyon an nan Akayè.













