Konsèy elektoral la antre nan yon lojik mete epis nan vyann nan avan l chode. Lago ki genyen ant KEP a ak gouvènman defakto a lakoz kalandriye elektoral la poko pibliye pandan tan sa a, yo gentan lanse pwosesis anrejistreman elektè divès kote nan peyi a. Plizyè obsèvatè kwè se sou fo fim gouvènman an ak tout KEP a kanpe paske preparatif yo pa enspire konfyans.
Lanse eleksyon nan peyi sa a jan l ye a, se an favè yon ti gwoup moun l ap toujou ye.













