Malgre Ayiti anba yon avètisman vwayaj Nivo 4 depi plizyè ane, Depatman Deta Etazini ta ajoute yon nouvo rekòmandasyon ki soulve anpil reyaksyon pou sitwayen ameriken ki ta deside vwayaje nan peyi a. Daprè Miami Herald, otorite ameriken yo konseye moun sa yo bay doktè yo yon echantiyon ADN epi mete dosye dantè yo disponib pou fanmi yo.
Mezi sa yo ta ka fasilite idantifikasyon yo nan ka yo ta mouri pandan sejou yo nan peyi Ayiti.























