Nan plizyè sikwi nan zòn metwopolitè nan, machin ki te 25 goud monte 40 goud, sa ki te 50 goud monte 75 goud, sa ki te 75 goud monte 100 goud, elatriye. Se menm ka pou motosiklèt yo tou. Chofè a yo annik fikse pri yo jan yo vle. Sitiyasyon sa a vin mete pasaje nan gwo difikilte e kòmanse gen anpil plenyen nan lari a. Tout ti kwen nèt kote yo fè taksi deja monte tèt nèg nan peyi a.
Nan peyi d Ayiti, tout moun fè sa yo vle, lè yo vle.




















