Daprè UNICEF, se 200% ti moun ki nan lari ak nan kèk kan deplase antre nan gang pou ane 2025 ki sot pase a. Selon UNICEF, sou 1.4 milyon moun ki kouri kite kay yo, pliske mwatye ladan yo se ti moun k ap viv anba menas gang. UNICEF lanse yon alèt sou tout kalte vyolans ti moun ap sibi non sèlman sou sit deplase yo men anba men gang tou.
UNICEF plede an favè yon politik reyentegrasyon pou ti moun sa yo k ap fin depafini.




















