Fason gouvènman ayisyen an ap itilize dwon kamikaz yo kont bandi yo nan peyi d Ayiti pa fè Wo Komisarya pou Dwa Moun plezi. Volker Türk ki se responsab antite sa a anndan Nasyon Zini deklare, fason dwon yo ap itilize a ilegal. Pi lwen, li fè konnen depi lè yo kòmanse lage dwon yo, gen pliske 500 moun ki mouri, gen ti moun pami yo.
Nan chif 500 sa a yo bay la, yo pa di si se bandi oubyen inosan.




















