Depi mwa mas 2025, se bandi ki gen kontwòl dwàn Malpas la kote tout kalte machandiz ap pase san kontwòl. Okenn otorite lokal ak nasyonal pa gen kontwòl anyen nan zòn sa a pandan trafik zam ak dwòg san bliye trafik ògàn ap fè aktyalite nan peyi a. Pa menm yon entèvansyon gouvènman an pa fè sou dosye sa a ki trè grav pou sosyete a.
Te deja gen dezòd nan dwàn yo, kounye a sitiyasyon an vin pi grav.




















