Ant ekip Alix Didier Fils-Aimé a ak ekip Laurent St-Cyr la, gen bagay ki pa mache. Akyèl kòdonatè KPT a pa vle patisipe nan konsèy minis avèk premye minis defakto a. Mete sou sa, aprè defile chèf gang Krisla fin fè wikenn pase a, Laurent St-Cyr kwè se paske Didier nan tete lang a Viv Ansanm ki fè sa rive. Lojik divize pou renye a ap kontinye.
Gen enfòmasyon ki kòmanse glise kòmkwa Laurent St-Cyr p ap fonksyone avèk Alix ankò.




















