Chèf gwoup teworis ki rele Viv Ansanm nan pataje plizyè videyo dènye jou sa yo kote l ap mande moun Solino, Ba Dèlma, Dèlma 30, Kriswa elatriye pou yo met tèt yo ansanm pou fè lapè. Chèf kriminèl sa a FBI ak PNH di y ap chache pa sispann mande popilasyon an pou yo retounen lakay yo. Nan limit sa yo, Viv Ansanm an feblès, y ap chache fason pou resisite tèt yo.
Plizyè moun Dèlma 30 ak Solino te deja al vizite zòn yo e genyen ki di yo prè pou retounen lakay yo.




















