Nèg ak zam moun pa rive idantifye kidnape yon sitwayen sou pon Lafontan nan Dèlma 33, maten lendi 18 out 2025 lan. Sa pase vè 7è 45 pandan viktim nan te nan yon machin plak AA-09282. Vòlè yo ale avèk sitwayen sa a ki poko idantifye pandan yo kite machin li te ye a ap mache nan mitan lari a.
Dènye tan sa yo, anpil ka anlèvman sinyale nan ba Dèlma ak wo Dèlma.




















