Vil Okap ap resevwa anpil kritik sou rezo yo nan moman an akoz fatra ki anvayi tout ti kwen. Pandan Gran Nò a ap resevwa anpil gwo evènman, Meri a pa fè anyen pou netwaye vil Okap. Se sou katèl kominal sa dezyèm vil Peyi a pran premye lo nan vil ki pi sal sou bout tè Papa desalin lan, menm etranje oblije foure bouch nan koze a.
Gen menm atis entènasyonal k ap kritike vil la tèlman li sal.




















