Lapolis dominikèn arete jounen dimanch 10 out 2025 lan, ansyen majistra Akayè a, Rose Mila Petit-Frère. Yo bare madanm sa a ak yon sak lajan nan men l poutan li paka jistisye kote l sòti avèk li ni kisa pou l fè yo. N ap raple Rose Mila se youn nan kòwonpi ki gagote anpil lajan peyi a e ki gen anpil dosye sispèk sou li.
Poko gen twòp detay sou kisa yo pral fè ak ansyen alye Ariel Henry a.




















