Otorite nan peyi vwazen kenbe prezidan brakè Smith Augustin ki t ap eseye antre nan peyi yo a an kachèt. Selon jounalis Yves-Marie Chanel, se sou fwontyè Dajabón nan misye t ap eseye pase vandredi kite 1è dawout 2025 la. Yo te kanpe kòtèj towo a pliske 4 èdtan nan biwo imigrasyon. Otorite dominikèn yo te oblije mande anbasadè Ayiti a pou l founi enfòmasyon sou yon sitwayen ayisyen ki prezante tèt li kòm Prezidan d’Ayiti alòske li ilegal.
Smith Augustin desann souverènte peyi a ankò lè l deside voye plòt krache sa a sou plan diplomatik.




















