Vè 11è 2 minit nan aswè, tè a tranble nan peyi d Ayiti, espesyalman Pòtoprens e a 13km de Petyonvil. Selon espeyalis yo, tè a sekwe a yon magnitid 4.1 sou echèl richtè a. Awondisman Jakmèl, Mibalè, Lagonav, Miragwàn pou n site sa yo ase, pran sekous pa yo tou.
Sekous sa a lage anpil kè kase nan mitan popilasyon an.




















