Fritz Alphonse Jean te pwomèt yon bidjè lagè, sipò BSAP pou Lapolis konbat ensekirite a, mete machin elektoral la an bran l, rezoud kriz ekonomik la, elatriye. Malgre tout pwomès sa yo, sèlman sa li reyalize se vwayaj, fè foto, benefisye privilèj l ap jwenn yo ki estime a pliske 10 milyon goud chak mwa. Leta ap kraze, nèg yo ap pyafe, Viv Ansanm ap layite kò l.
Aprè Edgard Leblanc Fils, Leslie Voltaire se tou pa Fritz Jean men peyi a toujou an mòd kanpe tann.