Magalie Habitant konfime se li ki te pran Dominiken yo pou te remèt yo bay lapolis

haitinewstv.com

Magalie Habitant konfime se li ki te pran Dominiken yo pou te remèt yo bay lapolis

Ansyen direktris SMCRS la, Magalie Habitant konfime sou antèn radyo Majik 9, se li menm ki te al dèyè 2 Dominiken yo ak entèprèt la, Ti nèg, jou ki te vandredi 26 fevriye a, nan men ravisè yo ant ri Chavàn ak ri Kapwa nan yon Prado ki gen koulè nwa.

Daprè madanm Habitant, ki se yon pwòch pouvwa a, li te mennen mesye yo nan komisarya Dèlma, kote yon komisè polis te resevwa yo, avan l te voye yo nan DCPJ.

Magalie Habitant fè konnen se yon sèvis li t ap rann. Se enstans konsène ki te negosye pou liberasyon mesye yo ki te kontaktel pou l kapab rekipire mesye yo.

N ap raple ansanm deklarasyon sa yo vini aprè Junior Albert Augusma yo konnen sou non « Ti Nèg » te fè konnen gen yon Prado blan bandi yo te fè yo monte ki lage yo tou pre Chavàn nan, aprè se Magalie Habitant ki vin dèyè yo nan yon Prado Nwa.

Anpil moun pa sispann poze tèt yo kesyon, ki koneksyon ki genyen ant pouvwa a oubyen pwòch pouvwa a ak bandi yo? Lè yo konnen Magalie Habitsnt se yon ansyen direktris nan administrasyon Jovenel Moïse la.

Jeff Jean Joseph

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Misyon Miltinasyonal la ap pase pèp la nan betiz

Ri Sentonore, ri Kapwa, ri Timas, zòn Akademi Polis la, Taba elatriye se kèk nan kote fòs miltinasyonal la di

Digicel bay 48è ankò pou sèvis entènèt li a retabli

Se 2 jou ankò Jean Philippe Brun, Direktè Jeneral konpayi Digicel la bay plizyè milyon moun k ap tann li

Plizyè chèf ap kite Ayiti demen vandredi a pou ale

Premye Minis Garry Conille k ap nan tèt yon gwo delegasyon 16 moun k ap kite Ayiti demen vandredi 20

Leta ayisyen pral gen elikoptè pa li avan lontan

Premye minis Garry Conille fè konnen gouvènman ayisyen an sou wout pou genyen pwòp elikoptè li. Daprè deklarasyon premye minis

Gouvènman an mete Konsèy elektoral la sou pye

Aprè yon Konsèy Minis ki fèt nan fen jounen mèkredi 18 septanm nan, 7 sou 9 manm Konsèy elektoral yo

Contact Us