Amélie Baron jounalis AFP ap sibi gwo menas nan men patizan pouvwa PHTK a

haitinewstv.com

Amélie Baron jounalis AFP ap sibi gwo menas nan men patizan pouvwa PHTK a

Depi kèk jou jounalis tounen sib politisyen PHTK ak lapolis ki pa janm sispann ba yo bal kawotchou chak fwa gen manifestasyon. Amélie Baron ki se jounalis korespondan AFP ap sibi gwo menas anba men pwopwagandis PHTK yo, daprè jounalis ak propriyetè radyo IBO a, Herold Jean-François.

“Pwopagandis PHTK sible Amélie Baron ki se jounalis korespondant AFP (Ajans Frans Près) epi ki kolabore ak lòt medya peyi Lafrans. Amélie se yon pwofesyonèl ki sou teren an ak lòt konfrè Ayisyen pou bay aktyalite a jan li pase. Amélie adopte peyi n, nou solidè ak li nèt al kole”, deklarasyon Herold Jean-François nan yon tweet.

N ap raple jou ki pase yo, lapolis te vide yon bonbòn gaz lakrimojèn nan machin radyo tele PACIFIC ki te chaje jounalis.

Ayè dimanch 14 fevriye a gen 2 jounalis ki viktim nan mach ki t ap fèt kont diktati Jovenel Moïse bezwen enstale nan peyi a. Pami yo, yon jounalis Kapital Fm ki resevwa pou pi piti 10 bal kawotchou nan men yon polisye.

Nan pwojè diktatoryal sa ki kòmanse enstale anndan peyi a, laprès se premye sib lapolis ak patizan PHTK.

Jeff Jean Joseph

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Lapolis rive nan fyèf chèf gang Kokorat San Ras la

Nan videyo ak foto ki pataje sou rezo a, Lapolis ak task fòs la montre yo antre nan kay kote

223 lane aprè, Leta kontinye krache sou drapo a

Yon lòt 18 me debake nan peyi d Ayiti, Akayè pa gen seremoni ofisyèl, sa ki koz: gang ak zam.

Lapolis toujou tann kabrit fin pase pou l fèmen baryè

Dènye jou sa yo, moun Latibonit, sitou Sen Mak ak moun Laplèn nan Lwès pa sispann kouri pou bandi, okenn

Yon kliyan trenen Sogebank devan lajistis

Gwo eskandal pete nan Sogebank paske yon kliyan deside voye papye tenbre bay bank lan poutèt yo pataje enfòmasyon finansyè

Repiblik Dominikèn raple Dimitri Vorbe p ap ka antre lakay

Ministè Enteryè peyi vwazen raple sou kont X li ke depi 13 oktòb 2025, Dimitri Vorbe gen entèdiksyon pou foule

Contact Us