Otorite amerikèn yo entèsepte yon bato nan dlo ki toupre Aguadilla, Pòtoriko, pandan li t ap transpòte 51 migran ki t ap eseye rive sou zile a ilegalman. Pami migran yo, te gen 34 sitwayen dominiken ak 17 sitwayen ayisyen. Aprè arestasyon an, otorite yo pran yo an chaj pou pwosedi ki nesesè yo, anvan yo retounen yo nan Repiblik Dominikèn.
Entèsepsyon sa a mete yon lòt fwa ankò an evidans danje ki genyen nan vwayaj ilegal sou lanmè ant Repiblik Dominikèn ak Pòtoriko.













