Gouvènman ayisyen an prevwa yon bidjè 401.2 milya goud pou egzèsis fiskal 2026-2027 la. Nan bidjè sa a, mesye dam yo prevwa 232.6 milya goud kòm depans kouran ak 168.6 goud kòm depans kapital. Sekirite, eleksyon ak relans ekonomik, se 3 faz anndan bidjè a ki gen plis konsiderasyon. Pa egzanp, Ministè Defans poukont pa l gen 73 milya goud pou finanse fòs sekirite yo selon sa yo di.
Sèlman, gouvènman tranzisyon sa yo pa janm depanse lajan nan devlopman vre, se plis gagòt ak piyaj yo fè paske pa gen palman pou kontwole yo.













