Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), avèk sipò Task Fòs la, mennen yon gwo operasyon nan zòn Matisan 2, 4 ak 23, nan jounen jedi 19 novanm 2026 la. Daprè yon nòt Direksyon Kominikasyon Polis la, entèvansyon sa a te pèmèt fòs lòd yo blese mòtèlman 34 manm gang ame. Daprè menm kominikasyon an, operasyon an antre nan kad efò enstitisyon polisye yo ap deplwaye pou kontrekare aktivite gwoup teworis yo nan peyi a. Entèvansyon sa a vize ranfòse sekirite epi pèmèt popilasyon an jwenn yon pi bon klima sekirite.
PNH la fè konnen li rete mobilize ansanm ak diferan fòs lòd ki angaje sou teren an pou kontinye operasyon kont gang ame yo, nan objektif pou retabli sekirite ak lapè atravè peyi a.













