3 bandi pèdi lavi yo nan yon operasyon PNH mennen jedi a nan komin Gresye. Daprè PNH la, operasyon an te fèt nan zòn Mòn Monvil, sou direksyon Jasmen, kote plizyè inite espesyalize te mobilize. Fòs lòd yo sezi yon M14, yon M16 ak yon Galil pandan operasyon an.
PNH fè konnen operasyon yo ap kontinye pou reprann kontwòl zòn ki anba enfliyans gwoup gang ame yo.













