Nan goumen pou gason, 3 jenn fanm ki sòti Ayiti k ap viv an Repiblik Dominikèn kole dife nan kay yon lòt akoz gen jalouzi k ap fèt. Pami 3 endividi sa yo, gen youn ki rele Samantha e yo konfime se li menm ki dèyè zak malonèt sa a ki rive nan yon zòn ki rele San Isidro, labrador. Yo kase vit kay la epi mete dife sa ki koz viktim nan pa sove anyen.
Yon seri jèn fi ki pati kite Ayiti pou al Sendomeng e sèl grenn sa yo fè se kontinye lage vye imaj sou do Ayiti.
Lapolis deja ansèkle zòn nan nèt sa ki lakoz rès ayisyen yo nan gwo pwoblèm pou deplase.





















