Depatman Imigrasyon Bahamas anonse jedi 24 septanm 2026 la li depòte 3 gason ayisyen aprè yo te kondane pou vyolasyon lwa sou imigrasyon peyi a. Daprè kominike ofisyèl yo te fè moun yo peye amann e sa te varye ant 300 a 3 000 dola, ansanm ak santans prizon ki te kapab ale soti 1 rive 12 mwa, selon nati chak ka. Dokiman an pa presize kantite egzak 3 Ayisyen yo te peye.
Kominike a presize te gen 9 Ayisyen pami moun ki te kondane yo, men se sèlman 3 gason ayisyen ki dokimante kòm moun yo te depòte pou okap jodi 24 septanm nan.













