Yon dokiman finansye prezante madi a devan Tribinal Federal Miami an pote nouvo detay sou lojman kèk nan Kolonbyen ki te site nan dosye asasina prezidan Jovenel Moïse la. Pandan odyans lan, avoka Christian Emmanuel Sanon prezante yon dokiman ki montre 20 000 dola te depoze kòm avans pou lojman Kolonbyen yo nan yon otèl nan Petyonvil. Daprè dokiman an, lajan an te konsène Hotel Maxime, kote Kolonbyen yo te rete pandan peryòd ki asosye ak konplo ki te mennen nan asasina Jovenel Moïse.
Chèk la te fèt sou non Maxime Sara epi li te siyen pa Archangel Petrel Ortiz, yon mèsenè kolonbyen ki site nan dosye a.













