Pandan ane lekòl la fèk kòmanse, enkyetid sou sekirite elèv yo ap ogmante nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan. 2 elèv ansanm ak chofè ki t ap transpòte yo kidnape nan maten mèkredi 9 septanm nan Delmas 75, nan zòn Siloe. Pami viktim yo gen yon elèv ki frekante Collège Marie-Anne ak yon lòt ki ale nan Collège Saint-Louis de Bourdon.
Kidnapè yo, ki ta akonpaye ak de lòt moun sou motosiklèt, ta fòse de elèv yo monte nan yon lòt machin anvan yo kite zòn nan. Chofè a ta pran nan zak la tou.













