2 sitwayen ayisyen, Chino Beltran ak Cenet Donet, te sove nan sant detansyon Montecristi a daprè enfòmasyon otorite dominiken yo. Aprè yo fin chape, Direksyon Santral Envestigasyon Kriminèl (DICRIM) te lanse yon operasyon pou lokalize de fijitif yo. Yo te rive rejwenn Chino annatandan. 2 ayisyen sa yo te arete pou kesyon dwòg ak vyolans seksyèl.
Jiskaprezan, rechèch la ap kontinye pou lokalize Cenet Donet.













