Fòs lòd dominiken yo arete yon sitwayen dominiken aprè yo te dekouvri 17 Ayisyen san papye legal nan yon Jeep Grand Cherokee, nan zòn Monción, pwovens Santiago RodrÃguez. Operasyon an fèt anviwon 5è 22 nan maten, sou wout El Rubio–Monción, toupre kominote Los Llanos de Bulla. Gwoup la te gen ladan l 13 gason ak 4 fanm. Daprè enfòmasyon otorite yo bay, chofè Jeep la, idantifye kòm Espedito RodrÃguez, alyas « Bobolé ».
17 ayisyen sa yo deja sou wout pou yo depòte tounen nan peyi d Ayiti.













