Lajistis nan komin Dam Mari kondane Freud Alexandre pou l pase 15 lane dèyè kat miray akoz li te koupe ponyèt papa l, Romy Alexandre ak yon kout machèt. Aksyon an te fèt 20 jiyè 2020 nan lokalite Baryadèl nan komin Dam Mari. Selon papa Freud ki t ap pale aprè jijman an, jiskaprezan li gen gwo pwoblèm sikolojik depi dram sa a fin fèt la e li sa gen gwo konsekans sou eta ante fizik li tou.
Santans sa a se tou yon soulajman pou viktim nan e se yon sinyal ki montre jistis dwe toujou rann san fòs kote.













