140,000 paran ayisyen ki nan sitiyasyon vilnerab pral resevwa 15,000 goud chak pou ede yo fè fas ak depans rantre lekòl 2026-2027 la. Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ak Fon Asistans Ekonomik ak Sosyal (FAES) siyen, madi 18 out 2026 la, yon pwotokòl akò pou mete asistans finansye sa a an plas. Pou pwogram nan, yon anvlòp global 2.5 milya goud prevwa. Sipò a vize fanmi ki gen plis difikilte ekonomik yo, yon fason pou ede yo prepare timoun yo pou nouvo ane akademik la.
Pwogram nan antre nan kad yon mekanis transfè lajan pou edikasyon, kote paran ki kalifye yo dwe resevwa 15,000 goud chak.





















