5 depatman: Lwès, Nip, Grandans, Sid ak Sidès deja anba alèt jòn. Responsab pwoteksyon sivil yo fè konnen tanpèt twopikal Melissa kapab trennen dèyè l anpil lapli ak van ki vyolan. Depi Jounen madi kite 21 oktòb la, anpil kote nan peyi a te deja resevwa lapli.
Otorite yo mande tout popilasyon an pou yo rete vijilan.





















